Judges 8:18
Lèfini, li di Zebak ak Salmouna: -Moun nou te touye sou mòn Tabò a, ki jan yo te ye? Sa yo te sanble? Yo reponn: -Yo te sanble avè ou. Nou ta di yo tout se pitit wa yo ye.
Bib La
In The King James Version
In Context
17Apre sa, l' al kraze gwo fò won lavil Penwèl la, epi li touye mezi gason ki te rete nan lavil la.
Cross References
Judges 4:6Li voye chache Barak, pitit gason Abinoram, moun lavil Kadès nan peyi moun Neftali yo. Li di l' konsa: -Men lòd Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye ba ou: Ale! Mennen sòlda ou yo sou mòn Tabò. Nan branch fanmi Neftali a ak nan branch fanmi Zabilon an, pran dimil (010.000) gason avè ou.
2 Kings 1:7Wa a mande yo: —Moun ki te vin kontre nou an epi ki di nou tout pawòl sa yo, ki jan li te ye?
Psalms 89:12(089:13) Se ou ki kreye nò ak sid. Mòn Tabò ak mòn Emon ap chante pou ou sitèlman yo kontan.
Jude 1:16Moun sa yo toujou ap bougonnen, y'ap plede plengnen sou sitiyasyon yo. Se enterè yo ase y'ap chache. Depi yo louvri bouch yo, se vante y'ap vante tèt yo. Y'ap flate tout moun pou yo tire avantaj sou yo.