Jude 1:16
Moun sa yo toujou ap bougonnen, y'ap plede plengnen sou sitiyasyon yo. Se enterè yo ase y'ap chache. Depi yo louvri bouch yo, se vante y'ap vante tèt yo. Y'ap flate tout moun pou yo tire avantaj sou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
17Men, nou menm, zanmi m' yo, toujou chonje paròl apòt Segnè Jezikri yo te di nou davans lan.
Cross References
Numbers 14:36Mesye Moyiz te voye al rekonèt peyi a te fè tout pèp la ap bougonnen sou Moyiz avèk move rapò yo te fè sou peyi a, lè yo te tounen an.
Deuteronomy 1:27Nou antre lakay nou, nou pran plenyen. Epi nou di se vle Seyè a pa vle wè nou! Se poutèt sa li fè nou soti kite peyi Lejip pou l' lage nou nan men moun peyi Amori yo pou yo ka fini ak nou.
Job 32:21Mwen p'ap pran defans pyès moun. Mwen pa pral achte figi nou yonn la a.
Psalms 15:4Li meprize tout moun Bondye vire do bay, men, li respekte tout moun ki gen krentif pou Seyè a. Li toujou kenbe pawòl li, menm si sa koute l' chè.
Psalms 73:9Yo pale Bondye ki anwo nan syèl la mal, y'ap bay tout lòt moun lòd avèk awogans.
Proverbs 28:21Sa pa bon pou gade moun sou figi. Men, pou nenpòt ti kraze kòb, yon jij ka fè betiz.