Judges 8:24
Apre sa, Jedeyon di yo: -Yon sèl bagay m'ap mande nou: Se pou chak moun wete yon grenn zanno nan sa li pran an ban mwen. Moun Madyan yo te pote zanno lò, tankou lòt moun k'ap viv nan dezè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 24:22Lè chamo yo fin bwè, nonm lan pran yon bèl zanno lò ki peze sis gram, li pase l' nan nen Rebeka. Li pran de bèl braslè ki peze san gram, li mete yo nan bra li.
Genesis 25:12Men pitit pitit Izmayèl, pitit Abraram lan. Se Aga, moun peyi Lejip, sèvant Sara, ki te fè pitit sa a pou Abraram.
Genesis 37:25Apre sa, yo chita pou yo manje. Pandan yo leve je yo, konsa yo wè yon kolonn moun Izmayèl ki t'ap vwayaje. Yo te soti Galarad. Chamo yo te chaje ak gonm bwa, lansan ak lami yo t'ap pote al vann nan peyi Lejip.
Exodus 12:35Moun pèp Izrayèl yo te fè sa Moyiz te di yo a. Yo mande moun peyi Lejip yo bijou an ajan, bijou an lò ansanm ak rad.
Exodus 32:4Arawon pran zanno yo, li fonn yo, li koule lò a nan yon moul, li fè estati yon ti towo bèf. Pèp la di: -Pèp Izrayèl, men bondye nou an. Se li ki te fè nou soti kite peyi Lejip la.
1 Samuel 25:11Anhan! Pou m' pran pen ak dlo lakay mwen ak vyann bèt nou fè touye pou gadò mouton m' yo, pou m' bay yon bann moun mwen pa konnen kote yo soti?