Judges 8:5
Jedeyon pale ak moun lavil Soukòt yo, li di yo: -Tanpri, bay mesye m' yo kèk moso pen pou yo manje. Yo bouke anpil. M'ap kouri dèyè Zebak ak Salmouna, wa moun Madyan yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 14:18Mèlkisedèk menm ki te wa peyi Salèm fè pote pen ak diven vini. Se yon prèt ki t'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la li te ye.
Deuteronomy 23:4Paske le nou te sou wout nou, apre nou te fin kite peyi Lejip la, yo pa t' ofri nou manje ak dlo. Okontrè, yo te peye Balaram, pitit gason Bejò a, pou l' te soti lavil Petò nan Mezopotami, vin ban nou madichon.
1 Samuel 25:18Abigayèl prese pran desan (0200) pen, de gwo veso an po bèt plen diven, senk mouton tou kwit, de barik grenn griye, san mamit rezen chèch, desan (0200) gato fèt ak figfrans chèch, li chaje tou sa sou bourik.
Psalms 60:6(060:8) Bondye rete kote ki apa pou li a, li di: -Mwen kontan anpil. Mwen pral separe lavil Sichèm. Mwen pral fè apantaj Fon Soukòt.