Judges 9:1
Abimelèk, pitit gason Jewoubaal ki te rele Jedeyon tou, ale lavil Sichèm kote frè menm manman avè l' yo te rete. Li pale ak yo ansanm ak tout fanmi papa manman l' yo, li di yo:
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 33:18Lè Jakòb tounen soti Mezopotami, li rive anbyen lavil Sichèm, nan peyi Kanaran. Li moute tant li sou moso tè ki anfas lavil la.
Joshua 20:7Se konsa, moun yo pran lavil Kadès nan peyi Galile, nan mòn ki pou moun branch fanmi Neftali yo, lavil Sichèm nan mòn ki pou moun branch fanmi Efrayim yo ak lavil Kiriyat aba ki rele koulye a Ebwon, nan mòn ki pou moun branch fanmi Jida yo pou sèvi pwoteksyon.
Judges 8:31Li te gen yon fanm kay ki te rete Sichèm. Ti fanm sa a te fè yon pitit gason pou li, li rele l' Abimelèk.
1 Kings 12:1Woboram moute lavil Sichèm kote tout pèp Izrayèl la nèt te sanble pou fè li wa.
1 Kings 12:20Lè moun peyi Izrayèl yo vin konnen Jewoboram te tounen soti peyi Lejip, yo voye chache l' pou l' vin nan yon reyinyon. Yo fè msye wa sou tout peyi Izrayèl la. Se moun branch fanmi Jida yo ase ki te kenbe fèm ak fanmi David la.
Jeremiah 18:18Lè sa a, pèp la va di: -Annou moute yon konplo sou do Jeremi. N'a toujou jwenn prèt pou di nou sa Bondye vle. Va toujou gen moun ki gen bon konprann pou ban nou konsèy. Va toujou gen pwofèt pou fè nou konnen mesaj Bondye yo. Annou wè! Ann touye l' anba kout lang. Nou pa bezwen tande sa l'ap di nou la a.