Judges 9:53
Men yon fanm lage yon wòl moulen sou tèt Abimelèk, li kraze zo bwa tèt li.
Bib La
In The King James Version
And a certain woman cast a piece of a millstone upon Abimelech’s head, and all to brake his skull.
In Context
52Abimelèk rive jouk bò fò a. Li pwoche bò pòt la pou l' te mete dife nan fò a.
Cross References
Judges 4:9Debora reponn: -Bon. Dakò! M' prale avè ou. Men, yo p'ap janm di se ou ki te bat Sisera, paske se yon fanm Seyè a ap fè touye l'. Epi Debora leve, l' ale lavil Kadès ansanm ak Barak.
Judges 9:20Men, si se pa sa, se pou yon dife soti nan Abimelèk pou li boule dènye grannèg lavil Sichèm yo ak tout moun ki nan Bèt Milo. Se pou dife soti nan grannèg lavil Sichèm yo ak tout moun ki nan Kay-Ranble a pou l' devore Abimelèk!
2 Samuel 20:21Se pa dèyè sa nou ye. Gen yon nonm yo rele Cheba, pitit gason Bikri a. Se moun mòn Efrayim li ye. Li pran lezam kont wa David. Si ou lage nonm sa a nan men m', m'ap vire do m' kite lavil la an repo. Fanm lan reponn li: -N'ap voye tèt li jete lòt bò miray la ba ou.
Jeremiah 49:20Konsa, koute sa mwen soti pou m' fè moun Edon yo, sa mwen fè lide fè moun lavil Teman yo. Sèten, ata timoun yo, yo pral trennen pot ale. Yo pral devaste tout peyi a devan je yo.