Jeremiah 49:20
Konsa, koute sa mwen soti pou m' fè moun Edon yo, sa mwen fè lide fè moun lavil Teman yo. Sèten, ata timoun yo, yo pral trennen pot ale. Yo pral devaste tout peyi a devan je yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 33:11Men, plan travay Seyè a la pou tout tan. Sa l' gen lide fè a ap toujou fèt.
Isaiah 14:24Seyè ki gen tout pouvwa a fè sèman, li di konsa: -Sa se sèten. Sa m' te fè lide fè a, m'ap fè l'. Sa m' te deside fè a ap rive vre.
Jeremiah 37:10Menm si nou ta rive kraze tout lame moun Babilòn k'ap fè nou lagè a epi se sa ki blese yo ase nou kite kouche anba tant yo, yo tout y'ap leve, y'ap vin boule lavil la ratè.
Jeremiah 49:13Se mwen menm, Seyè a, k'ap pale: Mwen fè sèman sou tèt mwen, m'ap fè lavil Bozra tounen yon dezè, yon pil vye mazi. Moun ap pase l' nan betiz, y'ap sèvi ak non l' pou bay madichon. Tout ti bouk nan vwazinaj li yo pral tounen yon pil vye mazi pou tout tan.
Jeremiah 50:45Konsa, koute sa mwen soti pou m' fè moun lavil Babilòn yo, sa mwen fè lide fè moun peyi Kalde yo: Sèten, ata timoun yo yo pral trennen pot ale. Yo pral devaste tout peyi a devan je yo.
Malachi 1:3Men, mwen rayi Ezaou ak tout pitit pitit li yo. Mwen ravaje tout mòn peyi Ezaou a. Mwen fè peyi yo a tounen savann kote bèt nan bwa rete.