Proverbs 1:28
le sa a, n'a rele m', mwen menm yo rele sajès, men mwen p'ap reponn nou. N'a mache chache m' toupatou, men nou p'ap jwenn mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
29Nou pa t' vle wè konesans, nou te toujou refize gen krentif pou Bondye.
Cross References
Deuteronomy 1:45Lè nou tounen, nou kriye nan pye Seyè a, men Seyè a pa t' koute sa nou t'ap di l', li pa t' pran ka nou.
Job 27:9Lè malè ap tonbe sou mechan an, èske Bondye ap tande rèl li yo?
Psalms 18:41(018:42) Y'ap rele, y'ap mande sekou. Men, pa gen moun ki ka delivre yo! Y'ap rele Seyè a, men li pa reponn yo.
Psalms 78:34Li te fè detwa ladan yo mouri. Se lè sa a yo tounen vin jwenn li, yo chanje lavi yo, yo lapriyè nan pye li.
Isaiah 1:15Lè n'ap leve bra nou anlè pou nou lapriyè nan pye m', m'ap bouche je m' pou m' pa wè nou. Nou mèt fè lapriyè sou lapriyè, mwen p'ap tande nou! Men nou plen san!
Jeremiah 14:12Yo te mèt fè jèn, mwen p'ap tande rèl yo. Yo te mèt ofri bèt pou boule pou mwen ansanm ak grenn jaden, se pa sa k'ap fè m' kontan ak yo. Okontrè, mwen pral fè yo mouri nan lagè, nan grangou ak anba maladi.