Lamentations 3:1
Mwen se yon nonm ki konnen mizè moun gen pou pase lè Bondye ankòlè sou yo, lè Bondye ap pini yo.
Bib La
In The King James Version
I am the man that hath seen affliction by the rod of his wrath.
In Context
2Li trennen m', li fè m' mache nan fènwa san yon ti limyè pou klere m'.
Cross References
Psalms 71:20Ou voye traka ak soufrans ban nou. Men se ou k'ap ban nou lavi ankò. W'ap rale nou soti nan bouch twou a.
Psalms 88:15(088:16) Depi mwen jenn gason se soufri m'ap soufri, m'ap pase ra lanmò. Ou sitèlman pini mwen, mwen pa konn sa pou m' fè ankò.
Isaiah 53:3Nou pa t' gade l' menm, tout moun te vire do ba li. Li te soufri anpil, li te tout tan nan gwo lapenn. Tout moun te vire tèt yo pou yo pa wè l'. Nou pa t' okipe l', nou pa t' pran ka l' menm.
Jeremiah 15:17Mwen pa pèdi tan m' chita ak moun k'ap bay blag pou m' pran plezi m' ak yo. Ou te pran m' anba ponyèt ou. M' mete kò m' sou kote, paske ou te fè m' fache menm jan avè ou!
Jeremiah 20:18Poukisa m' te fèt atò? Pou m' te ka nan lapenn, nan lafliksyon, pou m' te ka mouri nan lawont?
Lamentations 1:12Nou tout k'ap pase la a, gade non! Sa pa di nou anyen? Pesonn pa janm pase sa m'ap pase la a. Se Bondye, Seyè a, ki ankòlè k'ap manyen avè m'.