Psalms 88:15
(088:16) Depi mwen jenn gason se soufri m'ap soufri, m'ap pase ra lanmò. Ou sitèlman pini mwen, mwen pa konn sa pou m' fè ankò.
Bib La
In The King James Version
I am afflicted and ready to die from my youth up: while I suffer thy terrors I am distracted.
In Context
14(088:15) Seyè, poukisa ou voye m' jete lwen ou konsa? Poukisa ou kache figi ou pou mwen?
16(088:17) Nan kòlè ou, ou fè m' pase kont tray mwen. Se fini ou fini avè m' tèlman ou pini m'.
Cross References
Job 7:11Se poutèt sa, m' pa ka pa pale. Kè m' sere. Kite m' pale pale m'. Lapenn kaye nan kè m'. Kite m' plenyen plenyen m'.
Job 17:11Mwen fin viv! Tout plan m' te gen nan tèt mwen kraze. Mwen pa gen ankenn espwa ankò.
Psalms 22:14(022:15) Mwen pèdi tout fòs mwen, tankou dlo ki tonbe atè. Tout zo nan kò m' dejwente. Mwen santi kè m' ap kase, tout zantray mwen ap bouyi.
Psalms 44:25(044:26) Nou tonbe san fòs nan pousyè a. Nou kouche sou vant atè plat.
Isaiah 53:3Nou pa t' gade l' menm, tout moun te vire do ba li. Li te soufri anpil, li te tout tan nan gwo lapenn. Tout moun te vire tèt yo pou yo pa wè l'. Nou pa t' okipe l', nou pa t' pran ka l' menm.
Zechariah 13:7Seyè ki gen tout pouvwa a pale, li di ankò: -Nepe, leve non! Al atake gadò mouton m' yo, moun k'ap travay avè m' lan. Touye l' pou bann mouton an ka gaye. M'ap pini ata moun ki pi piti yo.