Lamentations 3:24
Mwen di: Se Seyè a ki tout mwen. Se nan li mwen mete tout espwa m'.
Bib La
In The King James Version
The LORD is my portion, saith my soul; therefore will I hope in him.
In Context
23Tankou solèy la ki leve chak maten konsa tou l'ap toujou kenbe pawòl li.
25Seyè a bon pou tout moun ki mete konfyans yo nan li, pou moun k'ap konte sou li.
Cross References
Deuteronomy 18:2Moun fanmi Levi yo p'ap gen anyen nan byen ki pou tout moun pèp Izrayèl yo. Se Seyè a ki pòsyon pa yo jan li te di yo sa.
1 Chronicles 5:20Yo pa t' pou kont yo nan batay la. Yo te mete konfyans yo nan Bondye. Pandan batay la, yo lapriyè mande l' konkou. Bondye reponn yo, li lage tout moun Aga yo ansanm ak tout moun ki te avèk moun Aga yo nan men yo.
Job 22:25Se Bondye ki gen tout pouvwa a ki va tout lò ou. Se li menm ki va gwo pil lajan byen wo pou ou.
Psalms 31:24(031:25) Nou tout ki met espwa nou nan Seyè a, pran kouraj, kenbe fèm.
Psalms 42:11(042:12) Wi, poukisa mwen kagou konsa? Poukisa m'ap plenn konsa nan kè mwen? M'ap mete espwa m' nan Bondye, paske mwen gen pou m' fè lwanj li ankò. Se li k'ap delivre m', se li ki Bondye mwen.
Psalms 62:8(062:9) Nou menm, pèp mwen, toujou mete konfyans nou nan li! Louvri kè nou ba li, paske se li menm ki tout nou.