Lamentations 3:39
Lè nou anba bwa pou peche nou yo sa nou bezwen plenyen fè!
Bib La
In The King James Version
Wherefore doth a living man complain, a man for the punishment of his sins?
In Context
38Tou sa ki rive an byen osinon an mal, se li menm ki penmèt sa.
Cross References
Genesis 4:13Kayen di Seyè a: Chatiman an twòp pou mwen. Mwen p'ap ka sipòte l'.
Leviticus 26:43Men, yo gen pou yo pati byen lwen, pou yo kite peyi a san moun pou tè a ka pran repo li. Wi, y'a peye pou sa yo te fè a, paske yo pa t' swiv prensip mwen te ba yo, paske yo te voye kòmandman m' yo jete.
Numbers 16:41Nan denmen, tout moun pèp Izrayèl yo pran bougonnen sou do Moyiz ak Arawon, yo t'ap di: -Se nou menm ki lakòz moun pèp Seyè a ap mouri konsa.
Joshua 7:6Jozye te sitèlman nan lapenn, li chire rad sou li, epi li tonbe ajenou, li bese tèt jouk atè devan Bwat Kontra Seyè a. Li rete konsa jouk aswè ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo, yo pran pousyè tè yo mete sou tèt yo pou fè wè jan yo te nan lapenn.
2 Kings 3:13Elize di wa Izrayèl la konsa: —Ki rapò m' gen avè ou! Al wè pwofèt papa ou ak manman ou te konn al wè yo! Joram reponn: —Non! Se Seyè a ki voye chache nou pou l' lage nou twa wa sa yo nan men wa peyi Moab la.
2 Kings 6:33Elize pankò fèmen bouch li, lè wa a rive devan l'. Wa a di l' konsa: —Se Seyè a ki voye malè sa a sou nou! Sa m' bezwen rete ap tann li fè kichòy pou nou ankò?