Lamentations 3:40
Annou gade jan n'ap mennen bak nou! Ann egzaminen byen jan n'ap viv la! Lèfini, ann tounen vin jwenn Bondye!
Bib La
In The King James Version
Let us search and try our ways, and turn again to the LORD.
In Context
39Lè nou anba bwa pou peche nou yo sa nou bezwen plenyen fè!
41Ann leve bra nou nan syèl la, ann lapriyè nan pye l'!
Cross References
1 Chronicles 15:12Li di yo: -Se nou menm ki chèf branch fanmi Levi yo. Mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, nou menm ansanm ak tout moun nan fanmi nou, pou nou ka al pote Bwat Kontra Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, kote mwen fè pare pou li a.
2 Chronicles 30:9Si nou tounen vin jwenn Seyè a, lènmi ki te fè moun menm fanmi ak nou yo ak pitit nou yo prizonye a va gen pitye pou yo, l'a kite yo tounen nan peyi yo. Paske Seyè a, Bondye nou an, se yon Bondye ki gen bon kè, yon Bondye ki gen pitye pou moun. Si nou tounen vin jwenn li, l'a louvri bra l' ban nou.
Job 34:31Men, si yon mechan pale ak Bondye, si li di l': -Wi, mwen te fè sa ki mal. Mwen p'ap fè sa ankò.
Psalms 119:59Mwen egzaminen jan m'ap viv la. Mwen chanje pou m' ka mache dapre prensip ou yo.
Isaiah 55:7Se pou mechan yo kite move chemen y'ap swiv la. Se pou malveyan yo wete move lide k'ap travay nan tèt yo. Se pou yo tounen vin jwenn Seyè a ki va gen pitye pou yo. Se pou yo tounen vin jwenn Bondye nou an, paske l'ap padonnen tou sa yo fè.
Hosea 5:15M'ap vire do m' tounen lakay mwen jouk y'a rekonèt fòt yo. Se lè sa a y'a chache m'. Wi, lè y'a wè jan y'ap soufri a, y'a mete chache m'.