Lamentations 3:55
Nan twou kote m' te ye a, Seyè, mwen rele ou!
Bib La
In The King James Version
I called upon thy name, O LORD, out of the low dungeon.
In Context
54Dlo te prèt pou kouvri tèt mwen. Mwen di: Fwa sa a m' pran!
56Ou tande vwa m'. Tanpri, pa bouche zòrèy ou lè m'ap lapriyè nan pye ou.
Cross References
2 Chronicles 33:11Lè sa a, Seyè a voye chèf lame wa peyi Lasiri a vin atake yo. Yo mete men sou Manase, yo pase kwòk nan machwè li, yo mare l' ak de gwo chenn fèt an kwiv, yo mennen l' lavil Babilòn.
Psalms 40:1(040:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (040:2) Mwen te mete tout espwa m' nan Seyè a. Li te panche zòrèy li bò kote m', li te tande m' lè m' t'ap rele.
Psalms 116:3Lanmò te fin vlope m'. Privye lanmò te tonbe sou mwen yon sèl kou. Kè m' te kase, mwen te nan gwo lapenn.
Psalms 142:3(0142:4) Lè m' santi mwen pa kapab ankò, ou menm, ou konnen sa pou m' fè. Sou chemen kote m'ap pase a yo tann yon pèlen pou mwen.
Jonah 2:2Nan mizè mwen te ye a, Seyè, mwen te rele nan pye ou, ou te reponn mwen. Byen fon nan peyi kote mò yo ye a, mwen te mande ou sekou, ou te tande vwa mwen.
Acts 16:24Lè l' resevwa lòd sa a, chèf prizon an mete yo nan kacho ki jouk nan fon prizon an. Epi l' mete pye yo nan sèp.