Psalms 116:3
Lanmò te fin vlope m'. Privye lanmò te tonbe sou mwen yon sèl kou. Kè m' te kase, mwen te nan gwo lapenn.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Li te panche zòrèy li bò kote m' chak fwa mwen rele l'.
4Lè m' wè sa, mwen rele Seyè a. Mwen di li: -Tanpri, Seyè, delivre m' non!
Cross References
Psalms 18:4(018:5) Lanmò te fin vlope m'. Mwen te pè lè m' wè tout malè sa yo tonbe sou mwen.
Psalms 32:3Tank mwen pa t' ankò vle rekonèt peche m' yo, mwen t'ap cheche sou pye. Tout lajounen, mwen t'ap plenn.
Psalms 88:6(088:7) Ou voye m' jete nan yon gwo twou byen fon, kote ki fè nwa anpil, nan yon twou san fon.
Jonah 2:2Nan mizè mwen te ye a, Seyè, mwen te rele nan pye ou, ou te reponn mwen. Byen fon nan peyi kote mò yo ye a, mwen te mande ou sekou, ou te tande vwa mwen.
Luke 22:44Kè Jezi te sere anpil, li t'ap lapriyè pi rèd. Swe t'ap koule sou li tonbe atè tankou gwo degout san.