Lamentations 3:66
Move sou yo, Seyè! Pati dèyè yo! Disparèt yo sou latè!
Bib La
In The King James Version
Persecute and destroy them in anger from under the heavens of the LORD.
In Context
65Madichonnen yo! Fè yo pèdi tèt yo!
Cross References
Deuteronomy 25:19Se poutèt sa, lè Seyè a, Bondye nou an, va ban nou lapè ak tout lènmi sa yo ki antoure nou toupatou nan peyi l'ap ban nou pou rele nou pa nou an, se pou nou touye tout moun Amalèk yo pou pesonn sou latè pa janm chonje yo ankò. Pa bliye sa!
2 Kings 14:27Se konsa, li voye Jewoboram, pitit Joas la, pou vin delivre yo, paske se pa t' janm lide l' pou l' te disparèt yo sou latè.
Psalms 35:5Se pou yo tankou pay van ap pote ale, lè zanj Bondye a ap kouri dèyè yo.
Psalms 73:15Si m' di nan kè m': Bon, m'ap pale tankou mechan yo! Si m' fè sa, se trayi mwen ta trayi moun k'ap sèvi ou yo.
Isaiah 66:1Men sa Seyè a di ankò: -Syèl la, se fòtèy kote mwen chita a. Tè a, se ti ban pou m' lonje pye m'. Ki kalite kay nou ta ka bati pou mwen? Ki kote nou ta ka ban mwen pou m' poze kò m'?
Jeremiah 15:15Lè sa a mwen di: -Ou menm, Seyè, ou konn tout bagay. Pa bliye m' non! Vin pote m' sekou! Tire revanj pou mwen sou moun k'ap pèsekite m' yo! Pa al twò dousman ak yo pou yo pa gen tan touye m'. Chonje se poutèt ou y'ap joure m' konsa!