Lamentations 4:18
Lènmi ap veye kote nou prale. Nou pa menm gen dwa soti nan lari. Jou lanmò nou rive. Sa ki rete pou nou mouri a pa anyen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 24:14Dèyè ki moun wa pèp Izrayèl la ye konsa? Dèyè ki moun l'ap kouri konsa? Dèyè yon chen mouri? Dèyè yon ti pis?
Job 10:16Si m' leve tèt mwen, ou fann dèyè m' tankou yon lyon dèyè bèt pou l' manje. Ou rive fè mirak pou ou ka fè m' lapenn.
Jeremiah 1:12Lè sa a, Seyè a di: -Se sa menm! Mwen menm, m'ap veye pou sa m' di a rive vre.
Jeremiah 37:13Lè li rive Pòtay Benjamen, li kontre ak kòmandman pòs la ki te rele Jirija. Se te pitit Chelemya, pitit pitit Ananya. Jirija rete Jeremi, li di l' konsa: -Anhan! Ou pral rann tèt ou bay moun Babilòn yo!
Jeremiah 51:33Wi, men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay: Lavil Babilòn tankou yon glasi y'ap pare. Talè konsa yo pral kouche sòlda yo tankou grenn danre sou glasi.
Lamentations 3:52Yon bann moun ki pa vle wè m' san m' pa fè yo anyen pran kouri dèyè m' tankou yon zwazo y'ap chache pran.