Lamentations 5:9
Se gwo danje lè nou soti al dèyè manje. Ansasen toupatou nan peyi a.
Bib La
In The King James Version
We gat our bread with the peril of our lives because of the sword of the wilderness.
In Context
8Moun k'ap gouvènen nou yo se esklav yo ye. Pesonn pa ka delivre nou anba men yo.
10Grangou ban nou lafyèb. Kò nou cho kou dife.
Cross References
Judges 6:11Lè sa a, zanj Seyè a vini, li chita anba pye chenn ki toupre yon ti bouk yo rele Ofra, ki te pou Joas, moun fanmi Abyezè yo. Jedeyon, pitit gason l' lan, t'ap bat ble an kachèt anndan kay kote yo konn kraze rezen an, pou moun Madyan yo pa t' vin pran l' nan men l'.
Jeremiah 40:9Gedalya di yo konsa: -Mwen ban nou pawòl mwen, nou pa bezwen pè soumèt nou devan moun Babilòn yo. Rete nan peyi a. Sèvi wa Babilòn lan. Tout bagay va mache byen pou nou.
Jeremiah 41:18paske yo te pè moun Babilòn yo, depi Izmayèl te fin touye Gedalya, moun wa Babilòn lan te mete pou gouvènen peyi a.
Jeremiah 42:16enben, lagè k'ap fè nou pè a ap rive jwenn nou jouk laba nan peyi Lejip la. Grangou k'ap ban nou tout tèt chaje sa yo pral swiv nou jouk laba a. N'ap mouri nan peyi Lejip.
Ezekiel 12:18-Nonm o! Lè w'ap manje, tranble kou fèy bwa. Bwè dlo ou ak kè sote, ak kè sere.