Leviticus 10:1
Yon jou, de nan pitit Arawon yo, Nadab ak Abiyou, leve, yo pran ti recho yo, yo mete chabon dife tou limen ladan yo, yo mete lansan nan dife a, epi y' al ofri l' bay Seyè a. Men, dife a pa t' bon paske se pa t' yon dife Seyè a te bay lòd fè.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Seyè a voye yon dife sou yo, dife a boule yo, epi yo mouri la devan Seyè a.
Cross References
Exodus 6:23Arawon te marye ak Elicheba, pitit fi Aminadab, sè Nakchon. Elicheba te fè Nadab, Abiyou, Eleaza ak ltama pou Arawon.
Exodus 24:1Apre sa, Bondye di Moyiz: -Moute sou mòn lan bò kote m' ansanm ak Arawon, Nadab, Abiyou ak swasanndis nan chèf fanmi pèp Izrayèl la. N'a rete yon distans, n'a bese tèt nou jouk atè pou adore m'.
Exodus 27:3Pou lòtèl la, w'a fè pèl, kivèt, fouchèt, recho ak plato pou resevwa sann. Tout bagay sa yo va fèt an kwiv.
Exodus 30:1W'a fè yon lòtèl an bwa zakasya pou boule lansan.
Exodus 30:34Apre sa, Seyè a di Moyiz konsa: -Pran epis sa yo: safetida, lorye, gonm bwa ak pi bon kalite lansan. W'a pran menm valè nan chak.
Exodus 37:29Bezaleyèl fè lwil ki pou sèvi pou mete moun osinon nenpòt bagay apa pou Bondye a ansanm ak lansan santi bon an, jan moun ki konn fè odè avèk ladrès yo fè yo.