Leviticus 12:7
Prèt la va ofri yo bay Seyè a pou mande padon pou fanm lan. Se konsa fanm lan va fè sèvis pou san li pèdi a. Wi, se sa pou yon fanm fè apre li fin akouche, kit se yon gason, kit se yon fi li fè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 4:20Menm sa li gen pou l' fè pou towo li ta ofri pou pwòp peche li fè, l'a fè l' pou towo sa a tou. Konsa, prèt la va fè ofrann bèt pou peche pèp la te fè san yo pa konnen an, epi Bondye va padonnen peche yo a.
Leviticus 4:31Lèfini, l'a wete tout grès la, menm jan yo fè l' pou bèt yo ofri pou di Bondye mèsi a, y'a boule l' sou lotèl la pou fè Bondye plezi ak bon sant li. Se konsa prèt la va fè ofrann bèt pou wete peche moun lan te fè san li pa t' konnen an, epi Bondye va padonnen l' sa.
Leviticus 15:15Prèt la va ofri yonn ladan yo pou wete peche li yo, lòt la pou yo boule nèt pou Seyè a. Se konsa l'a fè sèvis pou mande Bondye padon pou ekoulman nonm lan te genyen an.
Job 1:5Chak lè yo fin fete konsa, Jòb fè yo tout vini lakay li. Nan maten, anvan bajou kase, li leve, li boule ofrann bay Bondye pou mande padon pou yo chak. Li te toujou fè sa, paske li t'ap di nan kè l': Ou pa janm konnen. Pitit gason m' yo ka fè peche, yo ka di sa yo pa t' dwe di sou Bondye, san yo pa fè espre.
Romans 3:23Tout moun fè peche; yo tout vire do bay Bondye ki gen pouvwa a.
1 Corinthians 7:14Mari ki pa gen konfyans lan, Bondye asepte l' paske l'ap viv ansanm ak madanm li ki gen konfyans. Konsa tou, madanm ki pa gen konfyans lan, Bondye asepte l' paske l'ap viv ansanm ak mari l' ki gen konfyans. Si sa pa t' konsa, pitit nou yo ta tankou pitit moun lòt nasyon yo. Men, jan sa ye a, yo menm tou Bondye asepte yo.