Leviticus 4:31
Lèfini, l'a wete tout grès la, menm jan yo fè l' pou bèt yo ofri pou di Bondye mèsi a, y'a boule l' sou lotèl la pou fè Bondye plezi ak bon sant li. Se konsa prèt la va fè ofrann bèt pou wete peche moun lan te fè san li pa t' konnen an, epi Bondye va padonnen l' sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 8:21Lè Bondye pran bon sant lan, sa te fè l' plezi. Li di nan kè l' -Mwen p'ap janm bay tè a madichon ankò poutèt sa lèzòm fè, paske depi yo jenn, se move lide ase ki nan kè yo. Mwen p'ap janm detwi tout bèt vivan yo ankò, jan mwen sot fè l' la.
Leviticus 1:9Moun k'ap fè ofrann lan va lave tripay yo ak pye dèyè yo nan dlo. Lèfini, prèt yo va ofri yo bay Seyè a. Konsa y'a boule tout ofrann lan nèt sou lotèl la. Se sa yo rele yon ofrann bèt ou boule pou Seyè a, yon ofrann ou boule nèt nan dife epi k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.
Leviticus 1:17Apre sa, l'a bay yon kout kouto nan mitan de zèl yo, l'a kenbe zèl yo, l'a louvri kò zwazo a ande san li pa detache zèl yo. Lèfini, prèt la va boule l' nèt sou dife ki sou lotèl la. Se sa yo rele yon ofrann bèt yo boule pou Seyè a, yon ofrann ou boule nèt nan dife epi k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.
Leviticus 3:9Nan bèt yo ofri a, l'a pran pati sa yo: grès la, ke y'a koupe ra koupyon an, grès ki vlope tripay la,
Leviticus 3:15de wonyon yo ak tout grès ki sou yo a, ansanm ak mas grès ki sou fwa a, l'a boule yo nan dife pou Seyè a.
Leviticus 4:19Apre sa, l'a pran tout grès towo a, l'a boule l' sou lotèl la.