Leviticus 14:10
Sou wityèm jou a, l'a pran de ti belye ki pa gen ankenn enfimite ak yon ti fenmèl mouton ki gen ennan epi ki pa gen ankenn enfimite. L'a pran tou de mamit farin melanje ak lwil oliv epi yon boutèy demi lit plen lwil oliv.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 29:40Avèk premye ti mouton an, w'a ofri sèt ti mamit farin frans melanje ak yon lit edmi bon lwil oliv fèt nan moulen. W'a pran yon lit edmi diven pou ofri pou bwason ak manje a.
Leviticus 1:10Si se yon ti bèt moun lan vle ofri pou boule nèt pou Seyè a, l'a ofri yon ti bouk kabrit osinon yon belye mouton ki pa gen ankenn enfimite.
Leviticus 2:11Piga ou janm ofri bay Seyè a ofrann manje ki gen ledven ladan l'. Piga ou janm sèvi ni ak ledven, ni ak siwo myèl nan ofrann w'ap boule nan dife pou Seyè a.
Leviticus 4:32Si se yon ti mouton moun lan ap ofri pou wete peche li fè a, se yon ti fenmèl ki pa gen ankenn enfimite pou l' mennen.
Leviticus 14:12Rive la, prèt la va pran yonn nan ti belye yo, l'a ofri l' ansanm ak demi lit lwil la bay Seyè a pou peye pou sa moun lan te fè ki mal. L'a balanse yo devan Seyè a tankou yon ofrann espesyal pou Seyè a.
Leviticus 14:21Si moun lan pòv epi li pa gen anpil mwayen, l'a pote yon sèl ti mouton pou yo ofri pou peye pou sa moun lan te fè ki mal la. L'a pote twaka mamit farin sèlman melanje ak lwil oliv ak yon boutèy demi lit plen lwil.