The Bible Software
bible.software › Leviticus › Leviticus 14 › Leviticus 14:21

Leviticus 14:21

Si moun lan pòv epi li pa gen anpil mwayen, l'a pote yon sèl ti mouton pou yo ofri pou peye pou sa moun lan te fè ki mal la. L'a pote twaka mamit farin sèlman melanje ak lwil oliv ak yon boutèy demi lit plen lwil.

Bib La

In The King James Version

And if he be poor, and cannot get so much; then he shall take one lamb for a trespass offering to be waved, to make an atonement for him, and one tenth deal of fine flour mingled with oil for a meat offering, and a log of oil;

In Context

20L'a mete l' sou lotèl la ansanm ak farin ble melanje ak lwil la. Se konsa prèt la va fè sèvis pou mande padon pou moun lan, epi moun lan va nan kondisyon ankò pou l' fè sèvis Bondye.

22L'a pote de ti toutrèl tou osinon de ti pijon, jan mwayen li va penmèt li, yonn pou sèvi ofrann pou mande padon, lòt la pou boule nèt pou Seyè a.

Read all of Leviticus 14

Cross References

Leviticus 5:7Men, si nonm lan pa ka bay yon mouton osinon yon kabrit, l'a pote yon pè toutrèl osinon yon pè pijon pou peye pou peche a. L'a ofri yo bay Seyè a, yonn pou yo touye pou peche a, lòt la pou yo boule nèt sou lotèl la.

Leviticus 12:8Si fanm lan pa gen mwayen pou l' pote yon ti mouton, lè sa a l'a pote de pijon osinon de toutrèl, yonn pou yo boule nèt pou Bondye, lòt la pou yo ofri pou mande padon. Prèt la va ofri yo bay Seyè a pou l' mande padon pou li. Se konsa fanm lan va fè sèvis pou l' ka nan kondisyon sèvi Bondye ankò.

1 Samuel 2:8Li wete pòv yo nan lapenn yo, li bay endijan yo men pou yo soti nan mizè yo. Li fè yo chita menm kote ak grannèg yo. Li ba yo bèl pozisyon nan lasosyete. Fondasyon latè, se nan men Seyè a sa ye. Se sou yo li bati tou sa ki la.

Proverbs 17:5Lè w'ap pase yon pòv malere nan betiz, se Bondye ki fè l' la w'ap derespekte. Moun ki kontan lè malè rive yon lòt, Bondye ap pini l'.

Luke 6:20Lè sa a, Jezi gade disip li yo, li di yo: benediksyon pou nou menm ki pòv, paske Peyi kote Bondye Wa a, se pou nou li ye.

2 Corinthians 8:9Nou konnen ki favè Jezikri, Seyè a, fè nou. Li menm ki te rich, li fè tèt li tounen pòv pou nou. Konsa, lè l' fè tèt li tounen pòv la, li fè nou rich.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Leviticus 14:21

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Leviticus 14:20Leviticus 14Leviticus 14:22 →