Leviticus 14:13
L'a touye ti mouton an kote yo konn touye bèt yo ofri pou mande padon an osinon pou boule nèt la, nan kote yo mete apa pou sèvis Bondye a. L'a fè sa konsa paske bèt moun yo ofri pou peye pou sa yo fè ki mal la osinon pou mande Bondye padon an, se pou prèt la li ye. Se yon ofrann yo mete apa nèt pou Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 1:5L'a touye towo a la devan Seyè a. Apre sa, prèt yo, pitit Arawon yo, va pran san an pou yo ofri l' bay Seyè a. Lèfini, y'a voye san an sou kat bò lotèl ki toupre pòt Tant Randevou a.
Leviticus 2:3Rès ofrann lan va rete pou Arawon ansanm ak pitit gason l' yo. Rès ofrann sa a apa nèt pou Seyè a, paske se nan manje yo ofri pou boule pou Seyè a li soti.
Leviticus 4:4L'a mennen towo a devan pòt Tant Randevou a, l'a mete men l' sou tèt towo a, epi l'a touye l' la devan Seyè a.
Leviticus 6:24Seyè a pale ak Moyiz, li di l':
Leviticus 7:6Tout gason nan fanmi prèt yo kapab manje ladan l'. Se pou yo manje l' kote yo mete apa pou Bondye a, paske se yon ofrann ki apa nèt pou Bondye.
Leviticus 21:22Yon nonm konsa ka toujou manje nan manje yo ofri ban mwen, kit se nan manje yo ofri m' lan osinon nan manje yo mete apa pou mwen an.