The Bible Software
bible.software › Leviticus › Leviticus 2 › Leviticus 2:3

Leviticus 2:3

Rès ofrann lan va rete pou Arawon ansanm ak pitit gason l' yo. Rès ofrann sa a apa nèt pou Seyè a, paske se nan manje yo ofri pou boule pou Seyè a li soti.

Bib La

In The King James Version

And the remnant of the meat offerings shall be Aaron’s and his sons’: it is a thing most holy of the offerings of the LORD made by fire.

In Context

2Lèfini, l'a pote l' bay prèt yo, pitit Arawon yo. Yonn nan prèt yo va pran yon ponyen nan farin melanje ak lwil la ansanm ak tout lansan an, l'a boule l' nèt sou lotèl la, pou Seyè a pa janm bliye nonm ki fè ofrann lan. Se sa yo rele yon ofrann yo boule nèt nan dife epi k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.

4Lè w'ap ofri yon pen kwit nan fou, se pou ou fè l' ak farin lan san ou pa mete ledven ladan l'. Se ka gwo pen pwès fèt ak farin bat ak lwil oliv, ou ankò ti biswit plat wouze ak lwil oliv.

Read all of Leviticus 2

Cross References

Exodus 29:37Pandan sèt jou, w'a fè ofrann bèt pou peche yo fè san yo pa konnen an sou lòtèl la. Konsa w'a mete lòtèl la apa pou sèvis Bondye a. Konsa, lòtèl la va apa nèt pou Bondye. Tout moun ki va manyen lòtèl la, ak tout bagay ki va an kontak ak lòtèl la va tounen bagay yo mete apa pou Bondye tou.

Leviticus 5:13Se konsa, prèt la va fè ofrann pou wete peche moun lan te fè a, Bondye va padonnen l' sa l' te fè a. Rès farin lan va rete pou prèt la, tankou lè y'ap fè ofrann manje.

Leviticus 6:16Arawon ak pitit li yo va manje rès la. Y'a fè pen san ledven avè l', y'a manje pen an yon kote apa pou Seyè a nan lakou Tant Randevou a.

Leviticus 7:7Ofrann pou peye pou sa yo te fè ki mal la, se menm bagay ak ofrann pou peche yon moun fè san l' pa konnen. Se menm regleman an pou tou de: vyann lan va rete pou prèt ki fè ofrann lan.

Leviticus 10:12Moyiz pale ak Arawon ansanm ak de lòt pitit gason ki te rete l' yo, Eleaza ak Itama, li di yo: -N'a pran farin ki rete nan ofrann grenn yo boule pou Seyè a, n'a fè pen san ledven avè l', n'a manje yo bò lotèl la, paske ofrann lan, se yon ofrann ki apa nèt pou Seyè a.

Leviticus 14:13L'a touye ti mouton an kote yo konn touye bèt yo ofri pou mande padon an osinon pou boule nèt la, nan kote yo mete apa pou sèvis Bondye a. L'a fè sa konsa paske bèt moun yo ofri pou peye pou sa yo fè ki mal la osinon pou mande Bondye padon an, se pou prèt la li ye. Se yon ofrann yo mete apa nèt pou Seyè a.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Leviticus 2:3

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Leviticus 2:2Leviticus 2Leviticus 2:4 →