Leviticus 14:18
Lèfini, l'a vide rès lwil ki nan pla men l' lan sou tèt moun lan. Se konsa prèt la va fè sèvis pou mande Bondye padon devan lotèl Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 29:7Lèfini, w'a pran lwil pou mete moun apa a, w'a vide l' sou tèt Arawon. Konsa, w'a mete l' apa pou mwen.
Leviticus 4:26Apre sa, l'a boule tout grès la sou lotèl la, menm jan yo fè l' pou grès bèt yo ofri pou di Bondye mèsi a. Se konsa prèt la va fè ofrann bèt pou wete peche chèf la te fè san li pa konnen an, epi Bondye va padonnen l' sa.
Leviticus 4:35Apre sa, l'a wete tout grès la, menm jan yo fè l' pou mouton yo ofri pou di Bondye mèsi a, l'a boule l' sou lotèl la ansanm ak lòt ofrann y'ap boule pou Seyè a. Se konsa prèt la va fè ofrann bèt pou wete peche moun lan te fè san l' pa t' konnen an, epi Bondye va padonnen l' sa.
Leviticus 8:12Lèfini ankò, li pran lwil pou mete moun apa pou Bondye a, li vide l' sou tèt Arawon. Se konsa li mete l' apa pou Bondye.
2 Corinthians 1:21Se Bondye menm ki kenbe m' fèm, ansanm ak nou tout, nan lavi n'ap mennen nan Kris la. Se li menm ki mete nou apa pou li,