Exodus 29:7
Lèfini, w'a pran lwil pou mete moun apa a, w'a vide l' sou tèt Arawon. Konsa, w'a mete l' apa pou mwen.
Bib La
In The King James Version
Then shalt thou take the anointing oil, and pour it upon his head, and anoint him.
In Context
6W'a mete mouchwa a nan tèt li. W'a mare plak ki make Apa pou Seyè a, sou mouchwa a.
8W'a fè pitit li yo pwoche, w'a mete chemiz yo sou yo.
Cross References
Exodus 28:41Apre sa, w'a mete rad yo sou Arawon, frè ou la, ansanm ak pitit gason l' yo. Lèfini, w'a vide lwil sou tèt yo, w'a ba yo pouvwa pou yo fè sèvis Bondye. W'a mete yo apa pou mwen pou yo ka sèvi m' prèt.
Exodus 40:13W'a mete rad seremoni yo sou Arawon. Lèfini, w'a vide lwil sou tèt li. W'a mete l' apa pou mwen pou l' ka sèvi m' prèt.
Leviticus 8:10Apre sa, Moyiz pran lwil pou mete moun apa pou Bondye a, li voye l' sou kay Bondye a ak sou tout bagay ki ladan l'. Se konsa, li te mete yo apa pou sèvis Seyè a.
Leviticus 21:10Granprèt la, se chèf li ye nan mitan tout prèt yo. Se moun yo te vide lwil sou tèt li a, moun yo te mete apa pou mete rad prèt la sou li a. Li pa fèt ni pou kite tèt li san penyen, ni pou l' chire rad sou li lè li gen moun mouri.
Psalms 89:20(089:21) Mwen te jwenn David, sèvitè mwen an, mwen te mete l' apa pou l' vin wa sou nou.
Isaiah 61:1Lespri Bondye, Seyè a, desann sou mwen. Paske Seyè a chwazi m', li voye m' pou m' anonse bon nouvèl la bay moun ki nan lapenn yo, pou m' geri tout moun k'ap soufri yo, pou m' fè tout moun yo te depòte yo konnen yo delivre, pou m' fè tout prizonye yo konnen pòt prizon louvri pou yo.