Leviticus 14:29
Lèfini, l'a vide rès lwil ki nan pla men gòch li a sou tèt moun lan. Se konsa l'a fè sèvis pou mande Bondye padon devan lotèl Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
30Apre sa, l'a ofri toutrèl yo, osinon pijon yo, dapre sa mwayen moun lan te penmèt li,
Cross References
Exodus 30:15Moun ki rich p'ap peye plis, ni moun ki pòv p'ap peye mwens, lè y'ap peye lajan an bay Seyè a pou lavi yo.
Leviticus 14:20L'a mete l' sou lotèl la ansanm ak farin ble melanje ak lwil la. Se konsa prèt la va fè sèvis pou mande padon pou moun lan, epi moun lan va nan kondisyon ankò pou l' fè sèvis Bondye.
1 John 2:1Pitit mwen yo, m'ap ekri nou lèt sa a pou nou pa fè peche. Men, si yon moun rive fè peche, nou gen yon avoka k'ap plede pou nou bò kot Papa a: Se Jezikri, moun ki te mache dwat devan Bondye a.