1 John 2:1
Pitit mwen yo, m'ap ekri nou lèt sa a pou nou pa fè peche. Men, si yon moun rive fè peche, nou gen yon avoka k'ap plede pou nou bò kot Papa a: Se Jezikri, moun ki te mache dwat devan Bondye a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Ezekiel 3:21Si okontrè, ou avèti yon moun k'ap mache dwat pou l' pa fè sa ki mal, si li koute ou, si li pa fè sa ki mal, li p'ap mouri. Ou menm tou, w'a sove lavi ou.
Luke 10:22Papa m' renmèt tout bagay nan men mwen. Pesonn pa konn kilès moun Pitit la ye, esepte Papa a; pesonn pa konn kilès moun Papa a ye, eseptè Pitit la, ak moun Pitit la vle fè konnen li.
John 5:19Lè sa a, Jezi reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Pitit Bondye a pa fè anyen pou kò li. Sa l' wè Papa a fè, se sa l' fè tou. Tou sa Papa a ap fè, Pitit la fè l' tou.
John 6:27Pa travay pou manje k'ap gate! Travay pito pou manje k'ap konsève, manje k'ap bay lavi ki p'ap janm fini an. Kalite manje sa a, se Moun Bondye voye nan lachè a ki va ban nou l', paske se pou sa Bondye Papa a voye li.
John 10:15Mwen menm, mwen se gadò mouton yo. Papa a konnen m', mwen konn Papa a. Konsa tou, mwen konnen mouton m' yo. Yo menm tou yo konnen mwen.
John 14:6Jezi reponn li: Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pesonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen.