Leviticus 16:22
Bouk la va pote tout peche yo ale sou li yon zòn kote pa gen moun rete la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 103:10Li pa aji ak nou jan nou ta merite l' la, li pa pini nou jan l' ta dwe pini nou.
Isaiah 53:11Apre tout soufrans sa yo, l'a jwenn kè kontan ankò. L'a konnen li pa t' soufri pou gremesi. Li te sèvi Bondye yon jan ki kòrèk nèt. Li te pran chatiman anpil moun sou do l'. L'a fè Bondye fè yo gras.
Micah 7:19Wi, w'a gen pitye pou nou ankò. W'a pran peche nou yo mete anba pye ou. W'a voye yo jete nan fon lanmè!
Galatians 3:13Kris la delivre nou anba madichon lalwa lè li te pran madichon an nan plas nou. Se konsa sa te ekri nan Liv la: Madichon pou moun yo pandye sou bwa a.
1 Peter 2:24Kris la te pote peche nou yo nan kò li sou bwa a, pou nou te kapab mouri annegad peche, pou nou te ka viv dwat devan Bondye. Li te kite yo maltrete l' pou l' te ka geri nou.