Galatians 3:13
Kris la delivre nou anba madichon lalwa lè li te pran madichon an nan plas nou. Se konsa sa te ekri nan Liv la: Madichon pou moun yo pandye sou bwa a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 21:23pa janm kite kadav la pase nwit sou pyebwa a. Se pou nou antere l' menm jou a, paske yon kadav pann nan yon pyebwa se bagay ki pa fè Bondye plezi. Se konsa nou p'ap kite yo fè ankenn vye bagay ki pou fè Seyè a, Bondye nou an, vire do ban nou nan peyi Seyè a pral ban nou pou nou rete a.
2 Samuel 17:23Lè Achitofèl wè yo pa t' soti pou swiv konsèy li te bay la, li sele bourik li, li tounen lakay li nan peyi l'. Lè li fin regle tout zafè l', li pann tèt li. Se konsa li mouri. Apre sa, yo antere l' nan kavo papa l'.
2 Samuel 18:14Joab di li: -M'ap pèdi twòp tan la a avè ou. Li pran twa baton ak pwent yo byen fèt, li al plante yo nan kè Absalon ki te vivan toujou kote li te pandye nan pyebwa a.
2 Samuel 21:9Li lage yo nan men moun Gabawon yo ki pann yo sou yon ti mòn devan Seyè a. Yo tou lesèt mouri ansanm. Lè sa a, se te fen sezon prentan, yo te fèk konmanse rekòt lòj la.
Esther 7:10Se konsa yo pann Aman nan poto li te pare pou Madoche a. Apre sa, kòlè wa a tonbe.
Isaiah 55:5Gade, ou pral rele nasyon ou pa t' konnen. Nasyon ki pa t' konnen ou pral kouri vin jwenn ou. Se mwen menm, Seyè a, Bondye ou la, Bondye apa pèp Izrayèl la, k'ap fè sa rive konsa, paske m'ap leve ou anlè.