Leviticus 16:27
Y'a pran towo bèf ak kabrit yo te touye pou wete peche a, y'a pote yo ale andeyò limit kan kote moun yo rete a, epi y'a boule po vyann yo ansanm ak tout tripay yo nèt. Se san bèt sa yo yo te pote nan kote ki apa nèt pou Seyè a pou fè sèvis pou mande padon pou peche.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 4:12Wi, l'a pran tout rès towo a, l'a fè yo pote l' andeyò limit kote yo rete a. Lè y'a rive kote ki rezève pou jete sann lotèl yo, y'a fè yon dife bwa, y'a boule rès towo a sou li. Wi, kote yo jete sann dife a, se la pou yo boule vyann towo a.
Leviticus 6:11Apre sa, l'a chanje rad ankò, l'a mete rad òdinè l' sou li, l'a pote sann lan kote ki rezève pou sa, andeyò lòt bò limit kote moun yo rete a.
Leviticus 6:30Men, si yo pran ti gout nan san bèt la pou yo pote l' anndan Tant Randevou a pou yo sèvi avè l' tankou san bèt yo ofri pou repare sa yon moun fè ki mal, yo pa fèt pou yo manje anyen nan bèt la. Se pou yo boule l' nèt nan dife.
Matthew 27:31Apre yo fin pase l' anba kont betiz yo, yo wete gwo rad la, yo mete rad pa l' sou li ankò. Epi yo mennen l' ale pou yo kloure l' sou yon kwa.