Leviticus 16:28
Moun ki te al boule yo a va gen pou l' lave rad li tou, pou l' benyen nèt nan gwo dlo anvan li tounen nan kan kote moun yo rete a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 11:24Depi yon moun manyen kadav yonn nan bèt sa yo, li pa nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye jouk aswè.
Leviticus 11:40Moun ki manje nenpòt moso nan vyann bèt mouri a gen pou l' lave rad sou li epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye jouk aswè. Moun ki pote kadav la al jete gen pou l' lave rad sou li, epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye jouk aswè.
Leviticus 16:26Nonm ki te al lage bouk kabrit la pou Azazèl nan dezè a gen pou l' lave tout rad ki sou li, epi pou l' pran yon bon beny nan gwo dlo, anvan li tounen nan kan kote moun yo rete a.
Numbers 19:7Apre sa, prèt la va lave rad ki te sou li, l'a benyen nan gwo dlo. Lèfini, l'a tounen antre nan kan an. Prèt la p'ap nan kondisyon pou l' fè okenn sèvis pou Bondye jouk aswè.
Numbers 19:10Nonm ki te ranmase sann gazèl la va lave rad ki te sou l' a, epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè okenn sèvis pou Bondye jouk aswè. Sa se va yon regleman pou tout moun nan peyi a toujou swiv, kit se moun pèp Izrayèl yo, kit se moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo.