Leviticus 16:33
L'a fè sèvis pou wete peche pou kote ki apa nèt pou Bondye a, pou Tant Randevou a ak pou lotèl la, l'a fè ofrann pou prèt yo ak pou tout pèp Izrayèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 20:25Si nou fe yon lòtèl ak ròch pou mwen, pa travay ròch n'a pran pou fè l' la. Paske lè ou travay yon ròch ak sizo, li pa ka sèvi pou mwen ankò.
Leviticus 16:11Lèfini, Arawon va touye ti towo bèf li te ofri pou wete peche pa l' yo. L'a fè sèvis pou mande Bondye padon pou peche pa l' yo ansanm ak peche fanmi l' yo.
Leviticus 16:18Lèfini, l'a soti, l'a ale bò kote lotèl pou boule ofrann lan, l'a fè sèvis pou wete peche pou li tou. Epi, l'a pran nan san ti towo bèf la ak nan san bouk kabrit la, l'a mete sou kat kòn ki sou kat kwen lotèl la.
Leviticus 23:28Jou sa a, nou p'ap travay menm, paske se gran jou padon an, jou pou nou fè sèvis pou Seyè a, Bondye nou an, pou nou mande l' fè nou gras.