Leviticus 23:28
Jou sa a, nou p'ap travay menm, paske se gran jou padon an, jou pou nou fè sèvis pou Seyè a, Bondye nou an, pou nou mande l' fè nou gras.
Bib La
In The King James Version
In Context
29Si yon moun mete anyen nan bouch li jou sa a, y'ap wete l' nan mitan pèp li a.
Cross References
Leviticus 16:33L'a fè sèvis pou wete peche pou kote ki apa nèt pou Bondye a, pou Tant Randevou a ak pou lotèl la, l'a fè ofrann pou prèt yo ak pou tout pèp Izrayèl la.
Isaiah 53:10Men, se te volonte Bondye pou yo te kraze l' anba soufrans konsa, pou l' te bay lavi li pou Bondye te ka padonnen peche nou yo. L'a wè pitit pitit li yo. L'a viv pi lontan toujou. Se konsa travay Seyè a va mache byen nan men l'.
Zechariah 3:9Men m'ap mete yon wòch devan Jozye. Wòch sa a gen sèt fas. Se mwen menm ki pral make pawòl ki pou make sou wòch la. Se mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa. M'ap pran yon sèl jou pou m' wete tout peche ki nan peyi a.
Hebrews 9:12Kris la pase nan tant lan, li antre kote yo mete apa pou Bondye a, li ofri san an yon sèl fwa devan Bondye epi li fini. Lè sa a, se pa t' san bouk kabrit ni san ti towo bèf li te ofri. Se san pa l' menm li te ofri. Se sak fè li antre yon sèl fwa a devan Bondye, li tou peye pou l' te ka delivre nou pou tout tan.
Hebrews 10:10Kifè nou netwaye anba peche nou yo, se paske Jezikri te fè tou sa Bondye te vle, li ofri kò pa li bay Bondye yon sèl fwa, epi l' fini.
1 John 2:2Paske, Jezikri te ofri tèt li tankou bèt yo ofri bay Bondye, pou Bondye te ka padonnen peche nou yo, pa peche pa nou yo ase, men peche tout moun tou.