Leviticus 17:5
Sa vle di: Depi koulye a moun pèp Izrayèl yo gen pou mennen devan Seyè a tout bèt yo te konn touye nan jaden. Se pou yo mennen yo bay prèt la devan pòt Tant Randevou a. Se la y'a touye yo, menm jan yo touye bèt y'ap ofri pou di Bondye mèsi.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 21:33Se la Bècheba Abraram plante yon pye tonmaren. Lèfini li fè sèvis pou Seyè a, Bondye ki la pou tout tan an.
Genesis 22:13Abraram voye je l', li wè yon belye mouton ki te gen kòn li yo makònen nan yon lyann. li ale, li pran mouton an, li touye l', li boule li nèt sou lotèl la pou Bondye nan plas pitit li a.
Exodus 24:5Apre sa, li pran kèk jenn gason nan moun Izrayèl yo, li voye yo al ofri bèt pou touye bay Seyè a: yo ofri bèt yo te boule nèt pou Seyè a. Yo touye kèk towo bèf pou di Seyè a mèsi.
Leviticus 7:11Men regleman pou yo swiv lè yon moun ap fè ofrann bay Bondye pou di l' mèsi:
1 Kings 3:2Yo pa t' ankò bati yon kay pou Seyè a. Se sa ki fè pèp la t'ap touye bèt yo te ofri pou lòt bondye divès kote sou mòn yo toujou.
1 Kings 14:23Yo menm tou, yo bati kay pou fè sèvis pou zidòl, yo fè gwo moniman wòch ak estati pou Astate sou tèt mòn anba gwo pyebwa.