Leviticus 17:4
depi se pa devan pòt Tant Randevou a li touye l' pou l' ofri l' bay Seyè a la devan kay Seyè a, moun sa a koupab, li fè yon krim, li fè san koule. Se pou yo wete l' nèt nan mitan moun pèp Bondye a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 12:15Pandan sèt jou, se pou nou manje pen ki fèt san ledven. Depi premye jou nan mwa a, n'a wete tout ledven anndan lakay nou, paske depi premye jou a, rive sou setyèm jou a, si yon moun gen malè manje pen ki gen ledven ladan l', se pou yo disparèt li nan mitan pèp Izrayèl la.
Exodus 30:33Si yon moun sèvi ak menm konpozisyon an pou fè lwil, osinon si yon moun sèvi avè l' sou yon moun ki pa prèt, se pou yo disparèt li nan mitan pèp la.
Leviticus 1:3Si se yon gwo bèt li vle ofri pou yo boule pou Seyè a, l'a mennen yon towo bèf ki pa gen ankenn enfimite. L'a vin avè l' jouk devan pòt Tant Randevou a pou Seyè a ka asepte l'.
Leviticus 7:18Si yo manje anyen nan ofrann lan sou twazyèm jou a, Bondye p'ap asepte ofrann moun lan. Ofrann lan p'ap sèvi l' anyen. Se yon vyann fezande, moun ki manje l' va peye pou sa l' fè a.
Leviticus 17:14Paske nanm tout bèt vivan se nan san an li ye. Se poutèt sa mwen menm, Seyè a, mwen di moun pèp Izrayèl yo: Yo pa gen dwa manje vyann ankenn bèt ak tout san an ladan l'. Paske se nan san an nanm lan ye. Tout moun ki manje vyann ak san li ladan l', m'ap wete yo nan mitan pèp mwen an.
Leviticus 20:3Mwen menm bò pa m', mwen p'ap okipe l' ankò, m'ap wete l' nan mitan pèp mwen an. Paske li te bay yonn nan pitit li yo pou sèvi nan sèvis Molòk, li mete kay ki apa pou mwen an nan kondisyon yo pa ka fè sèvis ladan l' pou mwen, li derespekte non mwen.