Leviticus 18:24
Piga nou janm fè bagay sa yo k'ap mete nou nan kondisyon pou nou pa ka fè sèvis Bondye. Se bagay konsa pèp lòt nasyon ki t'ap viv nan peyi a anvan nou yo te konn fè. Se poutèt sa Seyè a ap mete yo deyò pou nou ka pran plas yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 18:6Apre sa, Seyè a bay regleman sa yo: -Piga pesonn kouche yon fanm ki fanmi pre l'. Se mwen menm ki Seyè a.
Leviticus 20:22Seyè a di ankò: -Se pou nou kenbe tout lòd mwen yo ak tout kòmandman mwen ban nou yo, se pou nou swiv yo. Konsa, peyi kote mwen pral mennen nou pou nou rete a p'ap voye nou jete deyò.
Deuteronomy 9:5Non! Se pa paske nou te merite, ni paske nou te mennen bak nou dwat kifè Seyè a pral fè nou pran peyi a pou nou. Se paske moun sa yo mechan kifè Seyè a, Bondye nou an, pral disparèt yo sou tout wout nou. Epitou, se pou l' te ka kenbe pawòl li te sèmante bay zansèt nou yo, Abraram, Izarak ak Jakòb.
Deuteronomy 18:12Paske Seyè a pa vle wè moun k'ap fè bagay sa yo. Epitou, se paske moun lòt nasyon yo t'ap fè tout vye bagay sa yo kifè Seyè a, Bondye nou an, te mete yo deyò pou nou ka pran plas yo.
Judges 20:6Mwen pran kadav la, mwen koupe l' an moso, epi mwen voye moso yo toupatou nan peyi Izrayèl la, paske moun Benjamen yo te fè yon vye bagay derespektan, yon move bagay nan mitan pèp Izrayèl la.
2 Chronicles 33:2Li fè sa ki mal devan Seyè a, dapre vye prensip krimenèl lòt nasyon Seyè a te mete deyò pou fè plas pou moun pèp Izrayèl yo.