2 Chronicles 33:2
Li fè sa ki mal devan Seyè a, dapre vye prensip krimenèl lòt nasyon Seyè a te mete deyò pou fè plas pou moun pèp Izrayèl yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
1Manase te gen douzan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan senkannsenkan.
Cross References
Leviticus 20:22Seyè a di ankò: -Se pou nou kenbe tout lòd mwen yo ak tout kòmandman mwen ban nou yo, se pou nou swiv yo. Konsa, peyi kote mwen pral mennen nou pou nou rete a p'ap voye nou jete deyò.
Deuteronomy 12:31Se pa konsa pou n' aji ak Seyè a, Bondye nou an. Paske, Seyè a pa ka sipòte tout vye sèvis y'ap fè pou bondye sa yo. Yo menm rive pran pwòp pitit gason ak pitit fi yo pou yo boule nan dife pou bondye yo!
Deuteronomy 18:14Bann nasyon nou pral mete deyò nan peyi a, se moun ki te renmen koute sa divinò ak moun k'ap etidye zetwal yo ap di yo. Men nou menm, Seyè a, Bondye nou an, pa penmèt nou fè bagay konsa.
2 Kings 17:15Yo derefize kenbe lòd li yo, yo pa respekte kontra li te pase ak zansèt yo. Yo pa okipe avètisman li te ba yo, yo pran sèvi zidòl ki pa vo anyen. Yo menm, yo pèdi valè yo. Yo pran fè tankou lòt nasyon k'ap viv bò kote yo t'ap fè, yo dezobeyi lòd Seyè a ki te di yo pa fè sa.
2 Kings 21:9Men moun peyi Jida yo pa koute Seyè a, Manase pran tèt yo, yo fè pi mal pase nasyon Seyè a te mete deyò nan peyi a pou fè plas pou yo.
2 Chronicles 36:14Ata lòt chèf peyi Jida yo, prèt yo ansanm ak tout pèp la te lage kò yo nan sèvi yon bann vye zidòl, tankou tout lòt nasyon yo te konn fè. Yo derespekte Tanp Seyè a te mete apa pou li menm lavil Jerizalèm.