Leviticus 19:2
-Pale ak tout moun ki fè pati pèp Izrayèl la. W'a di yo: Se pou nou viv apa pou mwen paske mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye apa.
Bib La
In The King James Version
In Context
1Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
Cross References
Leviticus 11:44Se mwen menm Seyè a ki Bondye nou. Se pou nou kenbe kò nou yon jan pou nou viv apa pou mwen, paske mwen menm se yon Bondye apa mwen ye. Pa kite ankenn ti bèt k'ap trennen sou vant mete nou nan kondisyon pou nou pa ka sèvi m'.
Leviticus 20:7Se pou nou viv apa pou mwen. Piga nou fè bagay mwen di nou pa fè, paske se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an.
Leviticus 21:8Tout moun dwe konsidere prèt yo tankou moun yo mete apa pou Bondye, paske se yo menm k'ap fè ofrann pou Bondye nou an. Mwen menm Seyè a, mwen yon Bondye apa. Se mwen k'ap fè nou viv apa pou mwen. Wi, se pou nou konsidere prèt yo tankou moun yo mete apa pou Bondye.
Leviticus 21:23Men, li pa gen dwa pwoche bò rido a ni vin bò lotèl la paske li enfim nan kò l'. Li pa fèt pou derespekte bagay ki apa pou mwen yo paske se mwen menm Seyè a ki mete yo apa pou mwen.
Isaiah 6:3Yo t'ap pale yonn ak lòt byen fò. Yo t'ap di: -Seyè ki gen tout pouvwa a, li apa! Wi, li apa! Se yon Bondye ki apa vre! Pouvwa li kouvri tout latè.
Matthew 5:48Non, nou fèt pou nou bon nèt, menm jan Bondye Papa nou ki nan syèl la bon nèt.