Leviticus 19:5
Lè n'ap touye bèt pou fè ofrann pou di Seyè a mèsi, se pou nou fè l' jan mwen mande l' la pou m' ka asepte l' nan men nou.
Bib La
In The King James Version
And if ye offer a sacrifice of peace offerings unto the LORD, ye shall offer it at your own will.
In Context
Cross References
Leviticus 1:3Si se yon gwo bèt li vle ofri pou yo boule pou Seyè a, l'a mennen yon towo bèf ki pa gen ankenn enfimite. L'a vin avè l' jouk devan pòt Tant Randevou a pou Seyè a ka asepte l'.
Leviticus 3:6Si se yon ti bèt moun lan vle ofri, l'a bay yon mouton osinon yon kabrit, bouk ou fenmèl, men ki pa gen ankenn enfimite.
Leviticus 7:18Si yo manje anyen nan ofrann lan sou twazyèm jou a, Bondye p'ap asepte ofrann moun lan. Ofrann lan p'ap sèvi l' anyen. Se yon vyann fezande, moun ki manje l' va peye pou sa l' fè a.
Leviticus 22:21Lè yon moun ap fè ofrann pou di Bondye mèsi, kit se paske li te fè yon ve, kit se paske li menm li vle fè ofrann lan, se pou bèt l'ap ofri a, li te mèt gwo bèt, li te mèt ti bèt, pa gen ankenn enfimite, si li vle pou m' asepte l'.
Leviticus 22:29Lè n'ap fè ofrann pou di Bondye mèsi, se pou nou swiv tout regleman yo si nou vle Seyè a asepte ofrann lan nan men nou.
Ezekiel 45:15Pou mouton yo, n'a bay yonn pou chak desan (0200) mouton yon fanmi genyen. Se pou nou fè ofrann grenn jaden yo, ofrann bèt pou yo boule nèt, ak ofrann bèt pou yo touye pou di mèsi, pou Bondye ka padonnen peche nou yo. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki bay lòd sa a.