Leviticus 7:18
Si yo manje anyen nan ofrann lan sou twazyèm jou a, Bondye p'ap asepte ofrann moun lan. Ofrann lan p'ap sèvi l' anyen. Se yon vyann fezande, moun ki manje l' va peye pou sa l' fè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
17Men vyann ki rete pou twazyèm jou a, se pou yo boule yo.
Cross References
Leviticus 5:17Si yon moun fè peche san l' pa konnen, si li fè yon bagay Seyè a te bay lòd pa fè, atout li pa t' fè espre, li antò. Se pou l' peye pou sa l' fè a.
Leviticus 10:19Arawon reponn Moyiz: -Ou wè sa ki rive m' jòdi a? Atout pèp la te fè ofrann pou wete peche li yo ak ofrann pou boule pou Seyè a, mwen t'ap mande m' si m' te manje ofrann peche yo a jòdi a, ou kwè sa ta fè Seyè a plezi?
Leviticus 11:41Tout ti bèt k'ap trennen sou vant pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye. Nou pa fèt pou manje yo.
Leviticus 19:5Lè n'ap touye bèt pou fè ofrann pou di Seyè a mèsi, se pou nou fè l' jan mwen mande l' la pou m' ka asepte l' nan men nou.
Leviticus 20:17Si yon nonm marye ak sè li, li te mèt pitit fi manman l' osinon pitit fi papa l', si yo kouche yonn ak lòt, yo avili tèt yo devan tout pèp Izrayèl la. Sa yo fè a se yon gwo wont. Se pou yo chase yo nan mitan pèp la. Li te kouche sè li, se pou li peye pou sa l' fè a.
Leviticus 22:16Si yo kite sa rive, moun lan va antò, l'ap peye pou sa. Se mwen menm ki Seyè a. Se mwen menm ki mete ofrann yo apa pou mwen.