Leviticus 20:24
Men, mwen te pwomèt mwen t'ap ban nou peyi sa a pou peyi pa nou. Se yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Wi, se mwen menm Seyè a, Bondye nou an, ki te chwazi nou nan mitan tout pèp yo pou mete nou apa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 3:8Mwen desann pou m' vin delivre yo anba men moun peyi Lejip yo, pou m' fè yo soti nan peyi Lejip la, pou m' mennen yo nan yon gwo peyi ki gen bon tè, yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Se la moun Kanaran yo rete ansanm ak moun Et yo, moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo.
Exodus 6:8Apre sa, m'ap mennen nou tounen nan peyi mwen te sèmante m'ap bay Abraram, Izarak ak Jakòb la. Se mwen menm Seyè a k'ap ban nou peyi sa a pou l' rele nou chèmèt.
Exodus 19:5Koulye a menm, si nou koute sa mwen di nou, si nou kenbe kontra mwen an, se nou menm m'ap chwazi pou moun pa m' nan mitan tout pèp ki sou latè. Tout latè se pou mwen, se vre.
Exodus 33:3Ale. W'ap rive nan yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Men, se pa mwen menm menm ki prale ansanm ak nou, paske nou se yon bann moun ki gen tèt di, mwen ta ka touye nou sou wout la.
Leviticus 14:34-Lè n'a fin antre nan peyi Kanaran an, peyi m'ap ban nou pou rele nou pa nou an, si mwen voye salpèt sou yonn nan kay kote nou rete yo, men sa pou nou fè.
Numbers 23:9Mwen kanpe sou tèt gwo wòch yo, mwen wè yo. Antan mwen sou ti mòn yo, m'ap gade anba: Wi, se yon pèp k'ap viv yon jan apa pou kont li. Se yon pèp ki pa menm ak lòt pèp yo!