Exodus 19:5
Koulye a menm, si nou koute sa mwen di nou, si nou kenbe kontra mwen an, se nou menm m'ap chwazi pou moun pa m' nan mitan tout pèp ki sou latè. Tout latè se pou mwen, se vre.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 9:29Moyiz di l' konsa: -Soti m' soti lavil la, mwen pral lapriyè nan pye Seyè a. Loraj la va sispann, p'ap gen lagrèl ankò. Konsa w'a konnen tè a se pou Seyè a li ye.
Exodus 23:22Men, si nou koute sa li di nou, si nou fè tou sa mwen di nou fè, m'ap rayi moun ki rayi nou, mwen p'ap vle wè moun ki pa vle wè nou.
Exodus 34:9Li di: -Seyè! Si ou kontan m' vre, tanpri, mache avè nou non! Pèp sa a, se yon bann moun ki gen tèt di, se vre. Men, padonnen fòt nou yo ak peche nou yo. Asepte nou pou moun ki rele ou pa ou.
Deuteronomy 4:20Kanta nou menm, Seyè a te pran nou, li fè nou soti kite peyi Lejip ki te pou nou tankou yon gwo fou dife kote yo fonn fè, epi li fè nou tounen sa nou ye koulye a: yon pèp ki rele l' pa l'.
Deuteronomy 7:6N'a fè sa paske se yon pèp k'ap viv apa pou Seyè a, Bondye nou an, nou ye. Se nou menm Seyè a, Bondye nou an, te chwazi nan tout pèp ki sou latè pou li fè nou tounen yon pèp ki rele l' pa l'.
Deuteronomy 10:14Gade non! Se pou Seyè a syèl la ak tou sa ki anwo nèt nan syèl la ye. Se pou li latè ak tou sa ki ladan l' lan ye.