Leviticus 20:9
Depi yon moun bay manman l' osinon papa l' madichon, se pou yo touye l'. Paske li madichonnen manman l' ak papa l', se li menm sèl kab reskonsab lanmò li.
Bib La
In The King James Version
In Context
10Depi yon nonm fè adiltè ak madanm yon frè parèy li, se pou yo touye yo, ni li ni madanm lan.
Cross References
Leviticus 20:11Depi yon nonm kouche madanm papa l', li jete dezonè sou papa l'. Se pou yo touye yo, ni li ni madanm lan. Lè konsa, se yo menm sèl k'ap reskonsab lanmò yo.
Leviticus 20:27Depi yon nonm osinon yon fanm gen lespri yon mò sou li, osinon yon lòt lespri k'ap fè l' fè divinò, se pou yo touye yo. Y'a touye yo ak kout wòch. Lè konsa, se yo menm sèl k'ap reskonsab lanmò yo.
Joshua 2:19Lè sa a, nenpòt kilès ladan yo ki va soti lakay ou, sa ki rive l' se pa l'. Se p'ap fòt nou. Men, si anyen rive yon moun andedan lakay ou, se va fòt pa nou.
2 Samuel 1:16David menm te di moun Amalèk la: -Se ou menm ki reskonsab sa ki rive ou la a. Se ou menm ki kondannen tèt ou lè ou di ak bouch ou se ou menm ki touye wa Bondye te chwazi a.
Proverbs 20:20Moun ki bay manman l' ak papa l' madichon p'ap viv lontan.
Proverbs 30:17Yon pitit ki pase papa l' nan betiz, ki pa respekte lòd manman l', chen gen pou devore kadav li nan raje, zwezo nan bwa va manje grenn je li.