2 Samuel 1:16
David menm te di moun Amalèk la: -Se ou menm ki reskonsab sa ki rive ou la a. Se ou menm ki kondannen tèt ou lè ou di ak bouch ou se ou menm ki touye wa Bondye te chwazi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
17David pran chante pou plenn lanmò Sayil ak Jonatan, pitit Sayil la.
Cross References
Leviticus 20:9Depi yon moun bay manman l' osinon papa l' madichon, se pou yo touye l'. Paske li madichonnen manman l' ak papa l', se li menm sèl kab reskonsab lanmò li.
Leviticus 20:16Si yon fanm chache yon jan pou li kwaze ak yon zannimo, se pou yo touye l', li menm ansanm ak zannimo a. Wi, se pou yo touye yo. Lè konsa, se yo menm sèl k'ap reskonsab lanmò yo.
Deuteronomy 19:10Se konsa, nou p'ap kite yo touye moun ki inonsan nan peyi Seyè a, Bondye nou an, te ban nou pou rele nou pa nou. Si nou kite sa rive, n'a peye pou sa nou fè a.
Judges 9:24Sa te rive konsa pou yo tout te ka peye sa yo te fè a: Abimèlèk pou masakre li te masakre swasanndis pitit gason Jewoubaal yo, grannèg lavil Sichèm yo pou ankouraje yo te ankouraje Abimelèk lè li t'ap touye frè l' yo.
1 Samuel 26:9Men, David di Abichayi konsa: -Pa leve men sou li. Seyè a p'ap manke pini moun ki va leve men l' sou wa li menm li te chwazi a.
2 Samuel 3:28Lè David vin pran nouvèl la, li di: -Seyè a wè ni mwen ni moun gouvènman yo, nou pa gen anyen pou nou wè nan lanmò Abnè, pitit Nè a.