Leviticus 21:1
Seyè a di Moyiz konsa: -Pale ak pitit Arawon yo, prèt yo. W'a di yo konsa: Lè yon prèt gen yon moun mouri nan fanmi l', piga li patisipe nan ankenn seremoni yo fè pou mò, pou sa pa mete l' nan kondisyon pou l' pa ka fè sèvis Bondye,
Bib La
In The King James Version
In Context
2esepte pou fanmi pre anpil tankou manman, papa, pitit fi, pitit gason, frè.
Cross References
Leviticus 10:6Apre sa, Moyiz pale ak Arawon ansanm ak de lòt pitit gason l' yo, Eleaza ak Itama, li di yo: -Pa rete san penyen tèt nou, pa chire rad sou nou jan moun yo fè l' la lè yo nan lapenn pou ka lanmò. Si nou fè sa n'a mouri, Seyè a va fache sou tout pèp la. Men, frè nou yo ansanm ak tout lòt moun peyi Izrayèl yo gen dwa pran lapenn pou moun sa yo ki boule nan dife Seyè a te voye sou yo a.
Leviticus 21:11Yo mete kouwòn mwen sou tèt li, yo vide lwil sou tèt li pou mete l' apa pou mwen. Li pa fèt pou l' fè bagay ki pou mete l' nan kondisyon pou li pa ka fè sèvis Bondye, pou l' derespekte kay yo mete apa pou Bondye a.
Numbers 19:14Men regleman pou yo swiv: lè yon moun mouri nan yon kay, tout moun ki te nan kay la lè lanmò a, ou ankò tout moun ki vin antre nan kay la apre sa, p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye pandan sèt jou.
Ezekiel 44:25Prèt yo pa fèt pou pwoche bò kadav moun mouri pou sa pa mete yo nan kondisyon yo pa ka fè sèvis pou mwen. Tansèlman, yo gen dwa pwoche bò kadav papa yo, manman yo, pitit fi yo, pitit gason yo, frè yo osinon yon sè yo depi sè a pa marye.
Malachi 2:1Koulye a, men lòd mwen bay prèt yo: