Leviticus 10:6
Apre sa, Moyiz pale ak Arawon ansanm ak de lòt pitit gason l' yo, Eleaza ak Itama, li di yo: -Pa rete san penyen tèt nou, pa chire rad sou nou jan moun yo fè l' la lè yo nan lapenn pou ka lanmò. Si nou fè sa n'a mouri, Seyè a va fache sou tout pèp la. Men, frè nou yo ansanm ak tout lòt moun peyi Izrayèl yo gen dwa pran lapenn pou moun sa yo ki boule nan dife Seyè a te voye sou yo a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 6:23Arawon te marye ak Elicheba, pitit fi Aminadab, sè Nakchon. Elicheba te fè Nadab, Abiyou, Eleaza ak ltama pou Arawon.
Leviticus 13:45Lè yon moun gen yon move maladi po, l'a mete vye rad chire sou li. L'a kite tèt li san penyen, l'a kouvri figi l' depi anba nen l' desann, epi kote l' pase la pran rele: Men moun malad! Men moun malad!
Leviticus 21:10Granprèt la, se chèf li ye nan mitan tout prèt yo. Se moun yo te vide lwil sou tèt li a, moun yo te mete apa pou mete rad prèt la sou li a. Li pa fèt ni pou kite tèt li san penyen, ni pou l' chire rad sou li lè li gen moun mouri.
Numbers 5:18Lèfini, l'a fè madanm lan kanpe devan lotèl Seyè a, l'a wete twal ki sou tèt madanm lan, epi l'a mete ofrann farin lan nan de pla men l' yo. Prèt la menm va kenbe nan men l' veso ki gen dlo anmè a, dlo ki bay madichon an.
Numbers 14:6Lè sa a, de nan mesye espyon yo, Jozye, pitit gason Noun lan, ak Kalèb, pitit gason Jefoune a, chire rad ki te sou yo sitèlman yo te fache.
Numbers 16:41Nan denmen, tout moun pèp Izrayèl yo pran bougonnen sou do Moyiz ak Arawon, yo t'ap di: -Se nou menm ki lakòz moun pèp Seyè a ap mouri konsa.