Leviticus 21:6
Se pou yo viv apa nèt pou Bondye yo. Yo pa dwe derespekte non mwen. Paske se yo menm k'ap mete nan dife ofrann yo fè pou Seyè a, se manje Bondye y'ap ofri. Se pou yo toujou rete apa pou mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 28:36W'a fè fè yon ti plak ak pi bon kalite lò ki genyen. Tankou lè y'ap fè so, w'a grave pawòl sa a sou li: Apa pou Seyè a.
Leviticus 3:11Prèt la va boule tou sa sou lotèl la. Se konsa y'a sèvi pou fè yon ofrann boule nèt pou Seyè a.
Leviticus 18:21Piga ou janm bay yonn nan pitit fi ou yo tankou ofrann pou yo boule bay zidòl yo rele Molòk la, paske lè sa a w'a fè yo derespekte non Bondye. Se mwen menm ki Seyè a.
Leviticus 20:3Mwen menm bò pa m', mwen p'ap okipe l' ankò, m'ap wete l' nan mitan pèp mwen an. Paske li te bay yonn nan pitit li yo pou sèvi nan sèvis Molòk, li mete kay ki apa pou mwen an nan kondisyon yo pa ka fè sèvis ladan l' pou mwen, li derespekte non mwen.
Leviticus 21:23Men, li pa gen dwa pwoche bò rido a ni vin bò lotèl la paske li enfim nan kò l'. Li pa fèt pou derespekte bagay ki apa pou mwen yo paske se mwen menm Seyè a ki mete yo apa pou mwen.
Numbers 28:2-Men lòd w'a bay moun pèp Izrayèl yo. W'a di yo pou mwen: Se pou yo toujou chonje dat pou yo fè ofrann yo, dat pou yo vin pote ofrann y'ap boule nèt pou mwen nan dife, ofrann k'ap fè m' plezi ak bon sant yo.