Leviticus 3:11
Prèt la va boule tou sa sou lotèl la. Se konsa y'a sèvi pou fè yon ofrann boule nèt pou Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
12Si se yon kabrit li vle ofri, l'a mennen l' devan lotèl Seyè a.
Cross References
Leviticus 3:5Pitit Arawon yo va boule tou sa sou lotèl la ansanm ak ofrann boule ki te deja sou bwa dife a. Se sa yo rele yon ofrann yo boule nèt nan dife k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.
Leviticus 21:6Se pou yo viv apa nèt pou Bondye yo. Yo pa dwe derespekte non mwen. Paske se yo menm k'ap mete nan dife ofrann yo fè pou Seyè a, se manje Bondye y'ap ofri. Se pou yo toujou rete apa pou mwen.
Leviticus 21:17-Pale ak Arawon, w'a di li: Si gen yon moun nan fanmi ou ki gen yon enfimite, li p'ap janm ka pwoche pou l' fè ofrann manje pou Bondye li. Regleman sa a ou fèt pou swiv li tout tan de pitit an pitit.
Leviticus 22:25Piga nou pran bèt moun lòt nasyon fè nou kado pou n' ofri bay Seyè a. Paske bèt konsa pa antye, yo manke kichòy nan kò yo. Seyè a p'ap asepte yo nan men nou.
Psalms 22:14(022:15) Mwen pèdi tout fòs mwen, tankou dlo ki tonbe atè. Tout zo nan kò m' dejwente. Mwen santi kè m' ap kase, tout zantray mwen ap bouyi.
Ezekiel 44:7Yo derespekte Tanp mwen an, yo kite moun lòt nasyon ki pa pote mak kontra mwen an nan kò yo, ni ki pa soti pou fè volonte m', antre nan Tanp lan lè y'ap ofri grès ak san bèt yo touye pou mwen yo. Se konsa yo kase kontra mwen te pase ak yo a. Yo fè yon bann vye bagay derespektan ki pa fè m' plezi.